Jodi 5 oktob 2024 | Anviwon 100 moun mouri | Komisè Gauthier | PNH gro operasyon
Anviwon 100 moun pèdi lavi yo, plis pase 20 lòt blese ak divès dega materyèl anrejiste se bilan pasyèl atak nèg ak zam yo fè nan zòn Ponsonde daprè komisè jiridiksyon Senmak la Me. Venson François ki fè konnen lapolis deja mobilize pou repran kontwòl zòn sa.
Revèy Nasyonal pou Souverènte Dayiti ak alye atravè mouvman yo batize "Operasyon libere Ayiti" egzije demisyon 3 konseye prezidan ki ta enplike nan eskandal koripsyon 100 milyon goud BNC a aprè piblikasyon rapò ankèt ULCC a pandan yo pwofite anonse yon jounen mobilizasyon nan dat 17 oktòb k'ap vini la.
Apre visit Premye minis Gary Conille nan vil sen mak premye minis la deklare " NOU Pap tounen gang poun konbat gang" Li pwomèt lap trennen bandi yo devan lajistis pou peye sa yo fè. li anonse gen anviwon 700 nouvo polisye ak 700 militè ki gen pou sòti.
Komite mobilizasyon pou rezoud pwoblèm ensekirite nan vil Gonayiv voye senpati bay fanmi moun ki viktim nan atak nèg ak zam nan zòn ponsonde epi egzije otorite yo rezoud pwoblèm ensekirite a nan depatman Latibonit.
Responsab yo nan Sendika Polis Nasyonal Dayiti SPNH-17 kalifye enjistis arestasyon komisè polis Tabarre a Lyvenson Gauthier mwa septanm pase a epi voye senpati bay fanmi moun ki viktim nan atak gwoup ame yo fè sou popilasyon zòn Ponsonde jou ki te 03 oktòb 2024 la.
Responsab yo nan blòk akò 21 desanm nan pwopoze kanditati Met. Valéry Dutreil Jacques pou ranplase Dr Louis Gérald Gilles nan KPT a akoz prezime enplikasyon'l nan eskandal koripsyon 100 milyon goud BNC a , daprè piblikasyon rapò ankèt inite lit kont Koripsyon an.
Federasyon Nasyonal Sendika Edikasyon an kolaborasyon ak plizyè lòt òganizasyon sendikal nan sistèm edikatif la òganize yon jounen konferans deba pou pale sou kalite edikasyon an, an ayiti sou tèm: "Valorize anseyan yo pou yon nouvo contra sosyal pour education" Nan okazyon jounen entènasyonal anseyan yo.
Nan okazyon an, reouvèti lekòl, yon delegasyon kite gen nan tèt-li Prezidan KPT a Edgard Leblanc Fils ak Minis edikasyon nasyonal la Antoine Augustin louvri ane eskolè 2025 lan nan vil Okay.
ULCC Remèt Yon Rapò sou Ankèt yo Tap Mennen Kont 3 Konseye KPT
Nan yon dokiman 12 paj, Inite lit kont koripsyon (ULCC) pibliye rapò ankèt li mennen sou akizasyon 100 milyon goud 3 konseye prezidansyèl tranzisyon an ki ta mande Ansyen Prezidan Administrasyon BNC Raoul Pascal Pierre Louis poul te kapab rete nan Pòs li.
Видео Jodi 5 oktob 2024 | Anviwon 100 moun mouri | Komisè Gauthier | PNH gro operasyon канала Saul TV28

moise jean charles potoprens lapolis ayiti haiti okap claude joseph Jeantel babekyou pierre esperance Rosemond jean Michel Patrick Boisvert enstalasyon Jeantel Joseph Guy Philippe Edgard Leblanc Fils kenya solda kenyen police kenya premye minis Nouvèl anbasad ameriken revolisyon haiti frantz elbe polis Garry Conille sendomeng jovelyn moise konsey prezidansyel bnc nouvel kpt an Edgard Leblanc Fils lekol ulcc avyon gran grif ponsonde latibonit Komisè Gauthier
Комментарии отсутствуют
Информация о видео
6 октября 2024 г. 9:38:15
11:32:14
Другие видео канала